top of page
  • Writer's pictureaymexume

Tonmtonm, se ak men yo manje sa


Gen yon seri manje, se ak men sa manje. Ou mèt zuzu kou w zuzu, w ap dakò avè m ke fritay pa manje ak kouto ak fouchèt. Byen ke mwen te wè foto moun ap manje pate kòde ak fouchèt nan Pate Kòde Week. Anfen...

Mwen pa manje ak men fasil. Gen yon seri manje byen spesifik mwen manje ak men. Pami yo, m ap site tonmtonm ak fritay (tout sa ki konn nan bak machann fritay). Nanpwen bagay ki nui mwen pase chita sou tab kay moun mwen pa abitye epi yo sèvi bannann peze ak griyo. Lè sa a, depandan de nivo zuzu moun yo, mwen oblije manje li ak kouto epi fouchèt. Se reziyasyon ki fè fanm... *plenn*

Pandan mwen te Ayiti semèn pase a, ti sè mwen te deside fè m pase pi bon vakans mwen janm pase Ayiti depi 13 dènye lanne sa yo. Timoun, mwen pa kache di nou, mwen byen pase. Li te wè yon lis manje mwen te mete sou Facebook (paske dyaspora gen mès), epi li ranje ak mari li pou mwen manje tout sa mwen te mete sou lis la.

Mwen pa p di plis... Men foto.

An nou tounen nan koze tonmtonm lan...

Timtim. Bwa chèch. Tap, glòt. Tap, glòt?

Tap la pa sonnen menm jan lè w pran l ak fouchèt.

Se menm jan ak souchi, manje japonè an. Premye fwa mwen manje sa ak bagèt, mwen te twouve li te gen yon lòt gou.

Wi, m ap ranse... A mwatye...

Anpil moun ki al nan restoran souchi toujou eseye manje ak bagèt. Yo eseye paske yo vle rantre pi byen nan kilti an.

Kiltirèlman, tonmtonm, se ak men yo manje sa. Kidonk, lè m ap manje tonmtonm ak men, mwen santi mwen rantre pi fon nan kilti mwen.

Ou ka manje l ak fouchèt si w vle. Ou granmoun. Men, aksepte ke se pa konsa yo manje sa.

Mwen pa moun Jeremi

Se pa moun Jeremi sèlman ki manje tonmtonm.

Fanmi mwen soti nan Depatman Sid, e kot manman (Pòsali) e kot papa (Anikè). Premye tonmtonm mwen manje, se te nan lakou kay granpapa mwen, anba yon tonèl. Mwen te piti. E lè yo te di m pa kraze, mwen te yon ti jan frikat. Men, depi lè sa a, mwen tonbe damou. Pou mwen, tonmtonm se youn nan pi bon manje ki egziste sou la tè.

Moun Okap manje li tou wi. Yo rele li foufou. Menm non yon seri afriken mwen konnen, ki soti nan pati lwès Afrika lan, rele yon manje ki sanble ak tonmtonm. (Gad kijan nou sanble!)

Pi bon tonmtonm mwen janm manje

Klinik manman mwen te nan ri Monseyè Giyou, anfas lopital jeneral. Yon lè, pandan mwen te chita anba a (anvan mwen te vin viv Kanada), li di m men yon bann apye (machann manje kuit ki sikile ak manje a sou tèt li) ap vann yon tonmtonm.

Si w pa t konnen, mwen pa gen pwoblèm manje nan lari. Ak tout mwen dyaspora a, mwen manje ti chen janbe mwen san konplèks. Epitou, vant mwen solid.

Tonmtonm sa a se te pi bon tonmtonm mwen manje. Mwen toujou di manje nan lari pi gou.

Li pa t fèt ak sirik. Se vyann bèf yo te mete ladan l. Men sòs la te byen epise. Li te gen gou... Li te gen gou Ayiti. Gou lespwa machann lan pou li fè bon lavant. Gou lakrent manman mwen te genyen epòk sa a pou malè pa rive m nan lari Pòtoprens. Gou rèv mwen te genyen pou tèt mwen.

E ou menm ou manje tonmtonm deja? Ou renmen sa?

121 views0 comments
bottom of page