top of page
  • Writer's pictureaymexume

#LivingInAlgiers - Lèt pou yon lektris (ti koze fanm)

M te mande nou di m kisa nou t a renmen konnen sou Aljeri. Jowàn E. te mande m pale l de jan medam yo ap viv.



Jowàn,


Kijan w ye? E fanmi w? M tèlman kontan ekri w maten an. M chita nan kizin lan ak Zara, m ap gade l k ap prepare yon kouskous. N ap pale, epi m panse a ou. M di, ban m ekri w.


Maten an, Zara deba (ke sou mwen ak yon "couscoussier" (yon chodyè pou fè kouskous) ak yon graj. Bagay mwen te voye pa kago yo poko vini; graj mwen sou lanmè, m pa sou achte yon lòt. Pandan m ap ekri w la a, bon sant zonyon ak tomat ak vyann mouton (se konsa nou di "agneau" an kreyòl, pa vre) ap monte, epi bèl lodyans ap tonbe.


M pa gen lontan nan peyi a. Gen bagay mwen konstate, men m poko jwenn moun pou m poze kesyon. Gen anpil detay mwen ka pa janm konnen. Men, pa enkyete w, kou m dekouvri nouvo bagay, m ap di w. M poko sòti nan vil Alje a non plis. Gen vil nan peyi a ki pi liberal ke Alje (tankou Oran — m gen pou m al vizite), epi gen lòt ki pi konsèvatè.


Nan foto m pataje yo, ou ka wè kijan Alje sanble ak Pòtoprens. Si nou wete diferans achitekti, jan medam yo abiye se yon gwo diferans tou. Majorite fi m wè mete "hijab". Men, malgre yo mete "hijab", medam yo mete rad ki yon ti jan modèn (tankou pantalon abako sere, bèl talon kikit). Anpil mete "abaya". M wè anpil tou ki pa kouvri cheve yo. Medam sa yo abiye menm jan avèk nou (ayisyèn), men mwens kale kò. Kwake m wè 2-3 ki gen vant deyò; men vant deyò a pa evidan paske yo mete vès oswa "cardigan". M wè kèk medam ki mete "burka".


Nan moman an, Zara ap lave kouskous la tankou nou lave diri — li jis pa fwote l. M pa janm lave kouskous non mwen. M ap mal kuit kouskous kèk jou…


Medam yo al lekòl, travay, kondui. Ekip Alain responsab la, se fi sèlman k ladan l. Men, menm mouvman Ayiti yo. Gen gason k pa fin twò alèz si se yon fanm k ap sipèvize yo.


An palan de menm mouvman Ayiti yo, lè fi ap mache nan lari poukont yo, gen anpil chans pou gason abòde yo pou "koze" ak yo. M mete koze nan mitan gimè, paske se plis yon fòm asèlman l ye. M poko konn ekivalan "eps! Ti cheri" bò isit la. Men, lòt jou swa, pandan m ap mache ak Alain epi yon lòt koup, gen yon jènjan k vin di mwen ak lòt dam lan "bonsoir". Mesye yo te lwen nou; kidonk nou pa t sanble “gen mèt”. Lè li evidan ke Alain ap akonpaye m, pèsonn pa abòde m. Yo gade m, men se siman plis paske m nwa.


Gen fi ki mache poukont yo nan lari, wi. Medam yo gen biznis yo pou yo regle! Men m plis wè yo a 2 oswa an gwoup. Mwen, m poko pran lari poukont mwen non. Jan m renmen frite! Men m ka fè l. M ap jis pa reponn moun si yo abòde m. Mache a 2 pa epaye medam yo non plis. M temwen plizyè ka kote 2 medam ap mache epi gason vin lage koze kremòl. Alain pa tèlman renmen lide pou m al fè eksperyans sa yo. Lè konsa m souri. M oblije esplike l ke m viv yo deja. Jèn fi k ap mache Pòtoprens viv sa chak jou.


Sinon, anpil pwoblèm m tande medam yo ap jere sanble pa nou. Pa egzanp, maten an, Zara nan yon mache prese nan koze lekòl pi gran pitit li a. Li di m se koze "moun pa a" ki plis nève l nan sitiyasyon an. Men, ak konviksyon m konn wè kay anpil manman ayisyèn, li di m fòk sitiyasyon an rezoud paske fòk pitit la al lekòl. Li pa p fè lòbèy, men fò l jwenn solisyon.


Jowàn, men Zara ap bat yon gato la a… Lè m di w, malgre tout mache m ap mache yo m ka tounen Canada pi gra ke jan m ye a… Se laraj! Anvan m bliye: kouskous la ap kuit "à la vapeur" la a… m ap sispann di m konn kuit kouskous.


Zara ban m presyon pou m fè timoun ankò wi, maten an. Li di m se sa manman l te fè l; kidonk l ap fè m li tou. M di l nou gen 16 an marye; yon jan pou m montre l nou pa nan koze konsa ankò. Kòm li ban nou 30 oswa 32 lanne (black don't crack!), l panse nou te ka gen yon 5 lanne marye konsa. M espere li pa p pale de timoun ankò. M pa gen kè di l sa pa nan plan m.


Woy! Jowàn, m prale wi. Gen yon moun ki vin fè yon reparasyon. Fò m al montre l kote pou l ale. Si m pa tou fini lèt la, m ap bliye.


Antouka, m gen pou m ekri w ankò.


Pran swen tèt ou!


Sè l lanmou k ap rete!


134 views0 comments

Recent Posts

See All

#LivingInAlgiers – In a bit of a funk

This week was tough. It’s been hard for me to find some joy this week. I usually can find it in random, mundane things. It’s usually effortless. I’m a happy, joyful kinda girl. But this week… whew! I

bottom of page