top of page
  • Writer's pictureaymexume

Chòk kiltirèl: Nou konn viv

15 jen 2020 ap fè m 15 an nan peyi Kanada. Nan seri "chòk kiltirèl" la m ap rakonte ti istwa ki fè m wè diferans ant kilti lakay ak kilti kanadyen. M pa di youn bon pase lòt. M jis fè yon ti konparezon.



Sa gen kèk lanne, gen yon zanmi (ki pa Ayisyèn) ki envite nou gade Superbowl lakay li. Li te envite plis pase 12 zanmi. Li di manje sou kont li, pote bwason.


Hubs avè m achte yon kès 24 Smirnoff Ice.


Ti fèt la te rilaks. Anbyans lan pa t pi mal pase sa. Men m te remake pèsonn pa bwè nan bwason nou pote yo. Gen yon envite ki mande poukiyès Smirnoff yo. M di l pou mwen. Li mande si l ka pran youn, paske l fè erè se Coca Cola sèlman l pote. M sezi. M di wi. Se lè sa a mwen remake ke chak moun ap bwè sa yo te pote.😳


M di Hubs sa epi nou kòmanse ofri moun Smirnoff Ice. 🤷🏾‍♀️ Depi nou pale ak yon moun, nou tou ofri.


Nou te pami premye moun ki kite fèt la. Pandan nou sou wout zanmi nou an rele nou pou l di nou nou bliye rès bwason yo. Nou di l "ce n'est pas un oubli."


Si m di nou 3 mwa apre n al wè l nan yon nouvo kay epi li di nou li te sere rès bwason yo pou nou n a di manti... 😩


Lè sa a, nou pran pòz fache. Nou di l pa janm fè Ayisyen sa...


******

M pase anpil tan ap aprann kilti ak koutim lòt pèp. M pase anpil tan ap pale de kilti ak koutim Ayiti. Yon jan pou m ka viv ak moun mwen rankontre. Nou toujou jwen yon jan pou nou viv ansanm san twòp chòk.

74 views0 comments

Recent Posts

See All
bottom of page